06/11/2026
EKLAMPSI – LÈ PRE-EKLAMPSI VIN PI GRAV
Eklampsi se yon konplikasyon grav ki ka rive lè yon fanm ki gen pre-eklampsi kòmanse fè kriz konvilsyon (kriz tankou epilepsi) pandan gwosès la, pandan akouchman an oswa menm apre akouchman an.
Se yon ijans medikal ki mande swen rapid.
Anvan kriz la rive, gen kèk siy ki ka parèt:
Gwo maltèt.
Vizyon twoub.
Tansyon trè wo.
Konfizyon.
Doulè anba kòt yo.
Agitasyon oswa gwo fatig.
Apre sa, fanm nan ka:
Pèdi konesans.
Kòmanse fè kriz konvilsyon.
Gen mouvman kò ki pa kontwole.
Gen difikilte pou respire pandan kriz la.
Lè yon fanm fè eklampsi, ekip medikal la ap aji vit pou pwoteje lavi manman an ak tibebe a.Yo ka:
Bay oksijèn si sa nesesè.
Mete yon liy venn pou medikaman.
Bay silfat mayezyòm (magnesium sulfate) pou kontwole oswa anpeche lòt kriz.
Bay medikaman pou bese tansyon an.
Kontwole batman kè tibebe a.
Fè a**liz san ak p**i.
Èske yo oblije fè akouchman touswit?
Sa depann de gravite sitiyasyon an ak laj gwosès la.
Souvan, sèl tretman definitif pou pre-eklampsi ak eklampsi se fè tibebe a fèt.
Gen ka kote:
Yo pwovoke travay la.
Yo fè sezaryèn si sitiyasyon an mande sa.
San tretman rapid, eklampsi ka:
Lakòz aksidan serebral (konjesyon serebral).
Domaje ren oswa fwa.
Lakòz plasenta a dekole.
Mete lavi manman an ak tibebe a an danje.
Anpil moun panse pwoblèm nan fini lè tibebe a fèt, men sa pa toujou vre.
Tansyon an ka rete wo pandan kèk jou oswa kèk semèn apre nesans la. Se poutèt sa doktè yo kontinye siveye manman an menm apre akouchman an.
Pre-eklampsi ak eklampsi se de kondisyon ki grav, men yo pa vle di gwosès la ap fini mal. Lè yon manman suiv vizit prenatal li yo, rekonèt siy danje yo bonè epi chèche swen medikal rapid, sa ogmante anpil chans pou li menm ak tibebe a rete an sekirite.
Pa janm neglije yon gwo maltèt, vizyon twoub oswa yon tansyon ki monte pandan gwosès. Pi bon pwoteksyon an se deteksyon bonè ak swen medikal rapid. 🤰💜🩺
Ou konn yon moun ki te fè eklampsi oubyen ou mem ou te fel ? pa bliye envite yon bestie li avew 🥰
Miss PAUL