01/04/2025
M panse ak 14 zan lekòl, ak 14 zan rankont
M panse ak kisa nou devni
Èske nou rann nou kont
Gen sa yo te aprann nou pou n viv
Gen sa lavi an aprann nou
M rankontre pwoblèm m pa janm jwenn yon fòmil pou m rezoud
Pami tout sa yo te montre m
M kontan yo te montre m konte
Konte konbyen moun m konte sou yo
Men ki montre m tonbe m
Konbyen moun m aprann konnen
Aprè m aprann bliye
Si se pou sa m kontre m konte
Si se pou konte m konte
• T H E L O 🐜❤️