22/03/2024
Lapolis fè dekabès ayè
Lanmò ansyen chèf gang Tigrèg se yon kalòt
marasa pou chèf gang krazebaryè a Vitèlòm.
Non sèlman chèf gang Pènye a pèdi gwo alye
li a, men plis pase 15 bandi Vitèlòm te voye al
pote ansyen chèf gang Tigrèg ranfò, pandan
Lapolis t ap trake chèf gang lan Dèlma 66,
ayè jedi a, se sèlman 2 grenn sòlda ki tounen
al jwenn Vitèlòm nan baz gang nan Pènye.
Tout lòt yo fè menm wout ak Tigrèg. Selon
enfòmasyon nou genyen, sakrive antre nan
baz yo se paske yo te sere zam yo ki ede yo
retounen nan baz la vivan. Lapolis pa sèlman
manje Tigrèg pou kont li, men tou, bandi ki te
vin pote konkou ba li peri tou. Chèf gang
Vitèlòm an dèy! Nèg yo te al ede Tigrèg pou
li te ka viv, men yo mouri ansanm ak li.