Waldj The Best

Appeler Contacter l'entreprise

Waldj The Best Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Waldj The Best, Épicerie, Maissade chérie, Maïssade.

27/09/2026

Kontrasepsyon òmonal

Ke yo itilize pou anpeche yon gwosès non dezire, an Ayiti yo itilize yo anpil , men nou souvan pa konn anyen de yo , oubyen yo mal eksplike sa yo ye,m pral ba nou avantaj yo, enkonvenyan yo, efè segondè yo, e kiyes ki paka itilize yo, fonn konnen avan tou yo aji tankou òmonn...

Pilil
Gen 2 tip de pilil youn konbine e lot la la pa konbine

Pilil konbine an
Li gen 2 òmonn :projestewòn e estrojèn
Yo envite gwosès paske yo:
-Bloke ovilasyon
-fè pawa matris la lis donk pap ka gen nidasyon
-rann glè sèvikal la epè pou spèmatozoyid yo pa antre nan matris la
-ralanti transpò spèmatozoyid yo

Koman yo itilize pilil konbine an
Gen yon plakèt ki gen 28 konprime 21 blan pi 7 mawon ki gen fè ,yo pa oblije koulè sa yo menw ap wè koulè yo pa menm, fi an dwe asirel kel pa ansent avanl pran pilil yo lap komanse ant 1 jou a 7 ème jou s*k la, lap komanse nan premye pilil blan pil ap swiv flèch la lèl fin a 21 konprime yo ,lap kontinye a rès 7 yo an jeneral règ la vini lèw ap pran pilil mawon an.

Dèke yon plakèt fini fow pran yon lòt san sote jou
Siw ta bliye pran youn, pranl avan lè pou pran prochen konprime an pi pran sa ou ta sipoze pran an nan lè pou ta pranl donk wap pran 2 nan yon jou ,si se aprè 2 jou, li dwe al nan sant lan pou bal konsèy si fi an vomi apre yon priz li dwe pran yon lòt pou ranplase l

Moun ki pa ka pran konprime sa yo se:
-Si moun nan gen problèm koagilasyon
-moun ki gen antesedan iktè le kòw te konn jaune,
-moun kap pran medikaman pou tibèkilòz,
- siw gen anpil varis
- siw te gen problèm mantal
- fi ki diabetik
-fi ki obèz
-fi ki gen plis ke 35 ans
-fi ki fè tansyon
-fi ki gen problèm kè

Efè segondè pilil yo:
-Senyman vajinal
-tetel lou
-tèt fè mal
-absans règ oubyen ti san kap dekrase
-vomisman, noze, vètij
- lap pran pwa
-si fi an ap bay tete lap diminye lèt la
-doulè nan pwatrin
-ogmante tansyon
- fe moun nan pa sou fè sèks

Avantaj:
- yo pa koute
-yo trè efikas
-yo disponib nan tout sant sante a famasi
-li soulaje kèk maladi
-li regilarize kek s*k ki te iregilye
- li pa antrene enfeksyon vajinal

Enkonvenyan :
-li nesesite yon siveyans medikal
-gen anpil kont edikasyon
-li pa pwoteje kont IST
-fanm ansent pa dwe pranl

Pilil projestativ
Li aji menm jan a pilil konbine a
Nan anplwa diferans li gen a konbine a depiw rate yon jou sa anile efè Kontrasepsyon konprime a

Efè segondè:
-ka gen absans règ
-senyman
-fi an ka pran ou pèdi pwa

Avantaj:
-li trè efikas siw pranl a menm lè a a chak tan
-li pa chè
-li dispo tout kote
-pa gen anpil kont edikasyon
-efè segondè li minin pa rapo a konbine a
-li swanye kek maladi

Enkovenyan :
-Li nesesite yon siveyans medikal
-fow bwè yon konprime chak jou nan menm lè an
-li pa proteje kont IST
-risk echèk la ogmante lèw rate yon jou
Siw ap pran pilil yo ou remake ou pa gen twoub vizyel , ou gen twoub pouw tande,siw santi problèm nan tetew kouri al lopital

Piki planin
Se yon pwodwi ki gen pwojestewonn yo bay fi an, li bloke ovilasyon, li fe pawa matris la lis pou anpeche nidasyon, le fè glè sèvikal la pi epè pou anpeche spèmatozoyid yo pase, ou itilizel ant 1 a 7 ème jou s*k la pi li renouvlel chak 12 semenn

Efè segondè :
-ou ka gen yon Absans règ
-wap pran pwa
-wap bay senyman
-noze, vomisman, vètij
-lap monte tansyonw

Avantaj:
-trè efikas
-itilizasyon diskrè
-pa gen enfeksyon vajinal

Enkonvenyan :
-Itilizasyon nesesite yo pèsonel kalifye
-li ka trouble s*k ou
-retou pou ka fè pitit anko an lan ,se sak fè yo toujou di si yo fi pako fè pitit chwazi yon lòt metòd pou li ,pou evite trouble sichik lèl ta deside fè timoun poul ta wè règ li pa janm vini
-li pa rekomande lakay adolesant à koz de dansite zo an li diminye an mineral se sak fè yo pa rekomande l lakay fi ki fè ostéoporose
-li pa proteje kont IST

Nòplan
Li dwe plase ant 1 a 7 eme jou s*k la Yo fè yon ti ensizyon nan po a pi yo plase 6 tib anba po a , pi yo femen plè a jiskaskel geri,o bou de 5 a 6 jou yo retire pansman, pou retire tib yo fok yo fe yon ti ensizyon anko

Efè segondè :
-Senyman
-ka gen absans règ
-noze, vètij, vomisman, nèvozite
-kotew enserel la ka enfekte
-priz ou pèt de pwa

Avantaj:
-bèl reyisit
-diskrè
-aksyonl ka dire jiska 5 an
-pa gen anyen ou pral bliye
-pa gen enfeksyon

Enkonvenyan :
-lèw ap metel oubyen retirel fow gen yon pèsonèl kalifye
-se pa tout fi kap ka metel
-li pa proteje kont IST
- sèl ajan santé ki gen dwa bay li

enplan
Yon ti batonè de 4 cm de long e 2 mm de laj yo mete anba po an nan bra ki gen yon dire de 3 ans li ka retire lèw vle li gen menm efè segondè, menm avantaj a Mem enkovenyan nòplan

Patch kontraseptif
Yon patch ou met sou po a ki renouvle chak semenn jiska 3 semenn sou 4 ème semenn nan ou pa mete men w ap proteje kanmenm li gen menm efè segondè, avantaj a enkonvenyan a pilil konbine an

Pou metod òmonal yo siw wè aprè 6 mwa depi lèw kanpel la ou pa wè règ ou fòw al kay Dr, se youn nan rezon ki fè yo pa rekomande piki an lakay fi ki pako fè pitit se pou faktè s*kolojik imajine yon moun ki pako fe pitit lèl deside fè a li ka we 9 mwa 1 an pase li pa wè règ li ki efè sa ap gen sou li? Sa ka reveye stress , angwas

Toujou pou kontraseptiv òmonal yo ,piki an pa rekomande pou bay adolesant li paske sa redwi dansite zo an, an mineral, se sak fè yon kontredike metod sa lakay moun ki fè "ostéoporose "

A koz de òmonn ki ladan yo an Kontrasepsyon òmonal yo souvan responsab kwasans fibrome
daprè anpil etid

Metòd òmonal yo lèw anplwaye yo ou riske fè sa yo rele dysplasie cervicale ki se lè selil ap miltipliye de fason anòmal nan kol matris la, ou ou a risk pou fè kansè kol, men yo remake ke metòd òmonal yo redwi kek ris pou fe kansè kolon a re**um pil gen anpil bèl efè sou anpil lòt maladi tankou kis nan ovè

Tag pi pataje a antouraj ou

Pa bliye like paj la
Norbrun Kerry Care-ry

Adresse

Maissade Chérie
Maïssade

Téléphone

+50941369654

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Waldj The Best publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Waldj The Best:

Raccourcis

Partager

Catégorie