L'estère infos

L'estère infos Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de L'estère infos, Épicerie, Pont De L'Estère, Artibonite.

04/08/2024

Bon rekòt lavi & bon konba Julande Calix
🎈🌹❤️🎉🎊💕🎂🎂🎂🎂🎂🎂🎂
Lachikòt Enfo Moun lestè

03/08/2024

Ti koze remèsiman

Nou salye tout moun Lestè e nou pwofite remèsye chak moun ki te soutni inisyativ seminè ak atelye pou elèv NS4 yo nan Lestè.

Nou te gen kèk modifikasyon ki fèt sou òganizasyon seminè a, tankou espas Nazareyen an ki chanje, nou te fè l nan lekòl nasyonal la, pou plis espas. Epi nou te prevwa fè l 5 jou, men anpil konsiderasyon fè nou fini li jodi jedi a, 2 nan rezon yo se probabilite pou kèk timoun ta al pran fich yo demen si Dye vle, lòt la, se kèk jèn pwofesè ki ankò ap etidye Gonayiv, ki te aksepte pèdi plizyè kou yo pou bay sèvis yo nan seminè a, e ki gen kou ki enpòtan pou yo anpil demen si Dye vle.

Se ak anpil kè kontan nou tap sèvi kominote nou nan bay bon jan ankadreman ak elèv yo. Sa ki fè n kontan plis, se paske elèv yo temwanye kijan yo santi travay atelye yo konble yo anpil, e yo temwanye yo pran konfyans pou al konpoze san kè sote. Nou pwofite swete siksè ak tout elèv nou yo.

Nap remèsye ekip pwofesè nou yo tankou:

Schilet GEROME (Chimie)

Pierre-jacques LOUISSAINT (Chimie)

Jameson DUVELSAINT (Physique)

Jonas BARTHELEMY (Physique)

Nodelson DESINORD(Maths)

Robenson GABRIUS (Sciences sociales)

Molensky BAPTISTE (Philosophie)
Kowòdonatè aktivite sila.

Nap remèsye ekip tenik nou an:

Jackenson alias Jack'art BENJAMIN (Supporteur, metteur en ligne, vidéo et autres)

Rose Cadelle BENJAMIN ( photographe et supporteuse)

Révélation production (Interview)

Nap remèsye lòt pwofesè sa yo ki te gen kontrent ki pat ka la, men ki bay sipò moral yo ak aktivite a.

Louivens BAPTISTE

Robenson AURÉLUS

Bendory SAMSON

Nap remèsye sponsors nou yo:

Lestè Dabò ki te bay patisipasyon yo pou ede aktivite a. (19500 goud)

FVEE, (Fondation Voix des Enfants de l'Estère ki te bay sipò yo. ( 15000 goud) epi materyèl pwojeksyon.

Legliz BAPTISTE Béthanie de l'Estère ki te prete n jeneratris ak materyèl sonorizasyon.

Pwojè HA-0612 pou sipò yo, ki te prete n laptop.

Nap remèsye Frantz GUILLAUME pou gwo sipò teknik li tou.

Woulala, gwo tonton sa ki se Roberto SAINTYL pou bèl spòt la li te fè, epi entèvyou li te fè ak mwen nan radyo tele fierté. Roberto l'homme du micro, chapo nèg pa.🤝

Mèsi, mèsi mèsi ak tout moun ki te ankouraje aktivite a. Nou swete èd ou bay la se tankou gwo envestisman ou fè ki pral pote benefis pou lavi nou an retou.

Chapo chapo, kepi kaskèt pou tèt pwofesè nou yo, ki te sakrifye yo pou bay sèvis yo malgre se gratis men se tankou yo tap touche gwo lajan. Benediksyon sou lavi nou.
Molensky BAPTISTE

🇭🇹🇭🇹Lachikòt Enfo Moun lestè LESTÈ DABÒ ann met men Fanmi lestè TV Fondation la Voix des Enfants de L'Estere - FVEE Pont De L'Estère, Artibonite, Haiti🇭🇹🇭🇹Molensky Baptiste🇭🇹🇭🇹

31/07/2024

𝗧𝗶 𝗺𝗼𝘀𝗼 𝗟𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮

Lè Charles Oscar Étienne, chèf polis sou prezidan Jean Vilbrun Guillaume Sam, fini masakre anviwon 167 prizonye nan gran prizon, nan dat 26 pou rive 27 jiyè 1915, plim leve sou do pèp la.

Prezidan an ki te pran yon bal nan janm li lavèy, te gen tan al pran azil nan anbasad peyi la France. Charles Oscar Étienne, pral fè menm jan an men nan anbasad République Dominicaine. Nan eta pèp la te enève a, mo diplomasi a pat pase nan tèt li ditou.

San te koule e yo te vle vanje. Pèp la antre nan tou 2 anbasad yo, rale refijye yo e ba yo bwa kale. Anpil sous rapòte ke se jeneral Polynice, papa 3 jèn gason ki te mouri lavèy nan penitansye, li menm ki te touye Charles Oscar.

Aprè lanmò bouwo a, pèp la mare kadav li ak yon kòd, trennen l nan lari Port-au-Prince. Pou fè istwa parèt pi bèl, kèk konpatriyòt avanse ke pandan pèp la t ap trennen kadav la yo tap chante:

« 𝘾𝙝𝙖𝙡𝙤𝙨𝙠𝙖 𝙢𝙥𝙖 𝙥è 𝙬 𝙨𝙚 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙤𝙪 𝙮𝙚 ».

Men, nan fouye, nou wè ke ta sanble se nan lane 1936, pandan kanaval, yon gwoup pral defile ak yon inifòm ki bay kè sote pou prezante nonm kè di sa a epi pèp la ta konpoze chante a pandan defile a.

(𝗙𝗼𝘁𝗼: 𝗷𝗲𝗻𝗲𝗿𝗮𝗹 𝗖𝗵𝗮𝗿𝗹𝗲𝘀 𝗢𝘀𝗰𝗮𝗿 É𝘁𝗶𝗲𝗻𝗻𝗲

Richard Dorvil
@🇭🇹🇭🇹Lachikòt Enfo D'Haïti Histoire🇭🇹🇭🇹🇭🇹

31/07/2024

Bon rekòt lavi & bon konba Mardoche Joseph!
🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈🎈
Lachikòt Enfo Mardoche Joseph

27/07/2024

Emisyon sa w dwe konnen (26 /06 /24)

23/07/2024
19/07/2024

Bon rekòt lavi & bon konba Ylrick Desinor!
🎈🎈🎈🎂❤️🎉🎊🍾🍾🍾🎈🎈🎈🎈🎈
Lachikòt Enfo Ylrick Pipine Desinor Moun lestè

Adresse

Pont De L'Estère
Artibonite

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque L'estère infos publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager